BROCHURE (APD logo) Agency for Persons with Disabilities State of Florida lit/goumen Medicaid Fwòd Ajans pou Moun Andikape - - - - - Goumen kont Fwòd nan Medicaid Ajans pou Moun ki Gen Andikap (APD) peye founisè swen medikal dè milyon dola chak ane pou bay sèvis pou rezidan Florida ki gen andikap nan devlòpman yo. Toutlèfwa yon moun/òganizasyon itilize prensip ki gen fwòd ladan pou yo pratikman vòlè nenpòt nan fon Medicaid sa yo, se APD ak kliyan li yo ki pèdi. APD pa tolere fwòd, e ou pa dwe tolere l non plis. APD ap mete prekosyon anplis anplas, men ajans la toujou bezwen èd ou. Tanpri repase enfòmasyon sa yo epi ede goumen kont fwòd Medicaid. Si w Sispèk Fwòd nan Medicaid Ou kapab ede rapòte fwòd ou sispèk la. Nenpòt moun ki wè, ki okouran, oswa ki resevwa yon plent ki soti nan nenpòt sous ki swadizan fè konnen gen fwòd ki fèt nan Medicaid, moun sa a kapab pote plent. Ou ka fè sa san ou pa bay non ou. Men, si w bay non ou ak enfòmasyon sou kote pou yo kontakte w, ou kapab bay envestigatè a plis asistans toujou. Egzanp Fwòd • Bòdwo pou ekipman yo pa ba w oswa pou sèvis yo pa fè pou ou • Chaje pi plis oswa voye bòdwo doub pou sèvis oswa ekipman • Aksepte atik de valè pou favè ki pa apwopriye anvè yon founisè swen sante oswa yon kliyan—yo rele sa “tranzaksyon pa enterè” oswa “komisyon anba tab” Kouman pou Apeche Fwòd Fèt • Konnen enfòmasyon sou sèvis ou yo ak sou limit ou genyen yo. Aktivite ki fèt nan fwòd ka vle di aktivite ki depase limit sèvis ki apwouve pou ou yo, epi ki koze sispansyon nan sèvis ou yo. • Reli Rezime Sèvis Medicaid la Chak Mwa pou w ka sèten ou resevwa tout sèvis yo bay bòdwo pou yo. • Verifye ak kowòdonatè Waiver Support (Abandon Sipò san Prejidis) la pou w ka konnen si tout sèvis ou resevwa yo apwouve. • Poze kesyon si yon moun vle pou w pran sèvis oswa tretman ki pa nan Cost Plan (Tablo Pri Sèvis yo) yo apwouve pou ou a. Kouman pou Rapote Fwòd Ou kapab rapòte fwòd ou sispèk yo pa telefòn, sou entènèt la, oswa pa lapòs. Anvan ou fè yon rapò, eseye kolekte tout kantite enfòmasyon posib, san ou pa bliye: • Non founisè swen sante ou sispèk kap komèt fwòd la • Nimewo Idantifikasyon Medicaid kliyan an • Dat sèvis ou gen dout sou li a • Montan lajan ki gendout sou li a • Yon deskripsyon zak ou sispèk ki fèt nan fwòd la - - - - - FWÒD NAN MEDICAID SE YON KRIM Pa kite yo reyisi fè sa. - - - - - Ki Kote pou w Pote Plent lan Si w panse yon founisè swen sante patisipe nan yon aktivite doutab, tanpri kontakte youn nan kote sa yo, ki se ajans leta. Ajans sa yo travay ansanm pou anpeche fwòd fèt ak pou mentni entegrite nan sèvis yo bay rezidan Florida ki gen andikap nan devlòpman yo. Agency for Persons with Disabilities (Ajans pou Moun ki Gen Andikap) Office of the Inspector General (Biwo Enspektè Jeneral la) 4030 Esplanade Way, Suite 380 Tallahassee, FL 32399-0950 1-866-APD-CARES (1-866-273-2273) www.apd.myflorida.com Agency for Health Care Administration (Ajans pou Administrasyon Swen Sante) Medicaid Program Integrity (Entegrite nan Pwogram Medicaid) 2727 Mahan Drive, MS 6 Tallahassee, FL 32308 1-888-419-3456 Pote yon plent sou entènèt la nan: http://ahcaxnet.fdhc.state.fl.us/ InspectorGeneral/fraud_complaintform.aspx - - - - - Mèsi paske w rantre nan goumen kont fwòd nan Medicaid! MARCH 2008